Ekspozisyon

MOND POTANSYÈL NAN IMAJINASYON NOU

Yon konstelasyon itopi te parèt sou fòm mond potansyèl pandan Revolisyon Ayisyen an. Yo te parèt nan mitan yon rezo kontradiksyon sosyal ak ekonomik, konfli ame, ak konplo politik ki te vize divize popilasyon an. Divès fòm lit pou pouvwa kote frè ap touye frè te anpeche reyalizasyon mond potansyèl sa yo.

Avèk ekspozisyon sa a, nou vle kontribye nan pèmèt jenerasyon jounen jodia konprann pi byen mond potansyèl sa yo desandan Afriken yo te imajine. Li pral pèmèt nou chache konprann kijan mond altènatif sa yo kontinye prezan nan kilti vizyèl Ayisyen jounen jodia. Yo prezan nan rityèl Vodou yo, nan vèvè yo, nan dans, nan achitekti, kizin, penti, eskilti, fim, jwèt, ak literati.

Deklarasyon Wa Henry Christophe – 20 novanm 1816.

Alfred Métraux ak defi pou etidye vèvè nan Vodou Ayisyen

Lansman Sistèm Enfòmasyon MVRH